Mélodie.
Se yon fim ki pale de yon chirijyen Ayisyen k ap travay nan yon gran lopital ki nan Chikago. Li bezwen yon madanm ki pou viv ak li. Yonn nan zanmi li yo trennen li Ayiti kote l jwenn ak yon agwonòm, Mélodie Triomphant. Men Mélodie gen yon dyaspora depòte k ap mache dèyè l. Dyaspora a kanpe nan mitan mesye dam yo pou yo pa ansanm. Li fè tout sa l kapab pou l separe yo. Nan dewoulman fim sa, n ap ri, n ap fache, e n ap wè ki jan nou ka aji devan sitiyasyon difisyl yo.

